Kouman pou chèche gadri

Lè w chwazi pou mete pitit ou nan yon gadri, se youn nan pi gwo desizyon w ap pran tankou paran osnon gadyen.

Se yon esperyans k ap afekte devlopman timoun nan depi kounye a jouk nan ane k ap vini yo. Pran san w pou w kab deside w byen!

Bwochi sa a kapab gide w nan desizyon sa a.

Fanmi Ou

Fanmi yo pa gen menm bezwen ak menm bi lè yo mennen pitit yo nan gadri. Moun k ap gade timoun yo kapab satisfè yon fanmi epi li kab pa satisfè yon lòt. Pou ede w chwazi pi byen pou fanmi ou, men sa pou w konsidere:

Pèsonalite:

Kisa ki enpòtan pou ou? èske ou jwenn pèsonalite w sòti nan esperyans ou fè, nan kilti w, nan relijyon w osnon nan twa (3) bagay sa yo ansanm.

Fason W Edike Pitit Ou:

Tout paran pa edike pitit yo menm jan. Gen kèk paran ki trè sevè nan bay pitit yo edikasyon. Gen lòt ki pi toleran. Pifò paran sevè nan edike pitit yo sevè, men yo toleran tou.

Lokal gadri a:

  • Gadri a ta dwe pwòp menm jan ak kote w ap viv la osnon ak kote w ap travay la.
  • Kouman w ap mennen pitit ou, epi kouman ou pral chèche l? Nan machin? Nan tren? Nan bis?
  • Èske ou kapab fè sa poukont ou, osnon èske ou bezwen yon lòt moun ki pou ta ede w?

Pitit Ou

Pitit ou se yon moun sipèb epi espesyal! Pou w asire kè pitit ou kontan lè li nan gadri, panse ak sa k konn ba l sipriz.

Men sa pou w konsidere:

Pèsonalite

  • Èske pitit ou timid osnon eveye?
  • Èske pitit ou konn konsantre sou yon sèl aktivite osnon sou anpil aktivite diferan?
  • Èske pitit ou konn jwe byen ak lòt timoun?
  • Èske pitit ou renmen rete apa poukont li osnon èske li ta prefere yon granmoun rete kote l?

Ki aktivite pitit ou pi renmen?

  • Jwe epi pratike espò nan lakou?
  • Abiye epi fè teyat?
  • Pwojè atizana ak travay boza?
  • Chante ak mizik?
  • Lekti?

Timoun andikape yo

Timoun andikape yo espesyal nan bezwen fizik, medikal, eskolè ak emosyonèl. Dapre lalwa federal, tout sèvis gadri dwe prepare pou aksepte timoun ki andikape. Si kay la, sant lan osnon lekòl la poko prepare pou akeyi yon timoun ki andikape, genyen resous ki la pou chanje estrikti yo, pou bay moun k ap gade timoun nan fòmasyon espesyal epitou pou bay fanmi an sipò.

Etap Devlòpman yo

Lè timoun yo ap grandi, yo pase nan plizyè etap. Kalite gadri yo bezwen an ap chanje avèk etap yo.

Tibebe

Tibebe (ki ant o ak 14 mwa) bezwen manje, chanje kouch, dòmi, afeksyon ak yon moun apa pou kenbe l. Si pitit ou ant 6 ak 13 mwa, li kapab soufri ak laperè paske se nan men yon etranje li ye osnon paske li separe ak fanmi li.

Tibebe ki fèk ap mache

Tibebe (ki ant 15 mwa ak dezan 8 mwa) gen anpil fòs, epitou yo renmen eseye fòs sa a. Tibebe sa yo bezwen anpil aktivite pou ankouraje yo. Pami aktivite sa yo, genyen tab ki gen sab, dlo ak jwèt, pwojè boza epi jwe nan lakou. Yo kontan lè yo avèk lòt timoun, men tou yo kapab gen pwoblèm pou jwe ak yo. Y ap aprann tibebe pi aje ki fèk ap mache yo sèvi ak twalèt.

Timoun ki nan laj preskolè

Timoun sa yo (ki ant 2 zan 9 mwa ak 6 zan) ap kòmanse fè zanmi ak lòt timoun. Y ap aprann itilize langaj yo pou fè konnen sa yo bezwen epi pou kominike ak lòt yo. Yo bezwen gen ekilib lè y ap jwe trankil, lè y ap jwe an mouvman, lè y ap jwe an gwoup ak lè yo rete apa poukont yo.

Timoun ki gen laj pou al lekòl

Timoun sa yo (ki ant 6 ak 14 zan) kapab fè anpil bagay poukont yo, men yo toujou bezwen yon granmoun pou sipèvize yo. Yo kapab pale poukont yo, konprann epi respekte regleman yo, pran prekosyon ak ekipman yo, ak materyèl yo epi ak zafè pèsonèl yo. Apre lekòl fin lage, timoun yo bezwen tan pou yo pran detant, jwe epi fè devwa yo.

Diferan Kalite Gadri

Gen anpil diferan kalite gadri. Men yo prezante nan yon tablo ki anba a.

  • Nan yon kay moun
  • Nan yon sant osnon
  • Nan yon lekòl
  • Head Start
  • Lekòl lage
  • Nan kay moun

Massachusetts Department of Early Education and Care delivre lisans bay pifò nan pwogram gadri yo.

Nan yon pwogram gadri ki gen lisans, yo tcheke dosye kriminèl tout manm ekip la. Epitou ekip la dwe satisfè pi piti egzijans sante, sekirite, fòmasyon ak antrennman. Yo kapab bay pwogram ki gen lisans yo otorizasyon tou. Sa vle di pwogram nan satisfè menm pi gwo egzijans yon òganizasyon nasyonal.

Kalite gadri yo Laj Lokal Orè Kòmantè
Nan yon kay moun ant 8 semenn ak 14 zan Lakay yon moun Tout lajounen epi pandan tout ane a Gwoup yo kab gen jiska 6 timoun. Gwo family child care ki nan kay moun gen 2 moun pou okipe timoun yo epi yo gen jiska 10 timoun.
Nan yon sant osnon ant 8 semenn ak 6 zan Nan yon sant Tout lajounen epi pandan tout ane a Gwoup ki gen anpil timoun ak plizyè moun k ap okipe yo
Nan yon lekòl ant 2 zan 9 mwa ak 5 ane Nan yon lekòl Mwatye jounen pandan ane lekòl sèlman. Li kab gen sesyon nan maten ak apremidi  
Head Start ant 2 zan 9 mwa ak 5 ane Nan yon sant osnon nan yon lekòl Tout lajounen ak mwatye jounen, epi pandan ane lekòl sèlman Gen yon pwogram ki rich avèk fòmasyon, nitrisyon, sante ak sèvis sosyal. Early Head Start gen menm pwogram pou timoun ki ant 8 semenn ak 2 zan 9 mwa.
Lekòl lage ant 6 ak 14 zan Nan yon lekòl osnon nan kay moun Anvan epi apre lekòl lage, kèk fwa pandan lekòl an vakans Gen kèk pwogram ki pa fè pati lisans Department of Early Education and Care la.
Nan kay moun Timoun tout laj Nan kay moun Selon aranjman ki fèt Pwogram nan ofri pa zanmi, vwazen, paran osnon bòn timoun. Moun sa yo PA BEZWEN GEN LISANS.

Kouman pou w Chwazi

  1. Telefòne CCCB nan nimewo (617) 357-6000, estansyon 6641 pou w jwenn lis moun k ap bay sèvis gadri ki satisfè sa w bezwen an. Chèche yon kote nan zòn ou ki gen lisans pou okipe timoun
  2. De (2) osnon twa (3) mwa anvan lè, kòmanse telefòne moun k ap bay sèvis gadri yo. Poze yo kèk ti kesyon.
    • Si ou ta telefòne 10 moun k ap bay sèvis gadri, konsidere sèlman 3 ak 5 ki satisfè bonjan kalifikasyon ou vle a.
    • Telefòne Massachusetts Office of Child Care Service pou w asire lisans lan kòrèk.
  3. Pran randevou epi vizite 3 ak 5 gadri ou ta pi swete mete pitit ou. Lè w ap fè vizit la, vini ak pitit ou pou w kapab wè kouman li konpòte li.
    • Planifye pou w pase apeprè inèdtan pandan chak vizit, epi prepare w pou fè enspeksyon lokal la.
    • Fè yon ti antrevi ak moun k ap gade timoun yo epi obsève l nan travay li.
    • Anvan w ale, pran non ak nimewo telefòn 2 osnon 3 fanmi ki mete pitit yo nan gadri a pou w kapab telefòne yo pou w jwenn referans.
  4. Ranpli espas repons pou kesyon sou Lis pou Kontwòle Moun k ap Travay nan Gadri a la nan paj 8 ak 9 pou chak gadri ou vizite.
  5. Baze premye ak dezyèm chwa w ap fè a sou enfòmasyon ou gen nan lis kontwòl ou, sou referans ou jwenn yo ak sou sa w panse. Epi telefòne pou rezève yon plas.

Bourad Lajan

Si w ta bezwen èd pou w peye sèvis gadri, gen plizyè pwogram ki kapab ede w.

Pale sa ak yon CCCB Referral Specialist k ap ba w plis enfòmasyon pou chwa w ap fè yo.

Lis pou Kontwòle Moun k ap Travay nan Gadri a

Tantrevi Nan Telefòn

Premye ti kesyon yo
  • Konbyen timoun ki gen nan pwogram nan? èske yo la pandan tout jounen? Pandan mwatye jounen?
  • Ki laj timoun yo?
  • Ki jou ak ki orè pwogram nan?
  • Èske gadri a louvri pandan jou k pa gen lekòl yo ak jou vakans yo?
  • Konbyen granmoun k ap travay nan gadri a?
  • Èske tout moun k ap travay nan gadri a te kontwole pa Department of Early Education and Care?
  • Èske tout moun k ap travay nan gadri a te suiv kou First Aid ak Child CPR la?
  • Èske paran yo kapab fè vizit nenpòt kilè yo vle?
  • Konbyen lajan yo dwe peye pou pwogram nan? èske yo bay manje tou?
  • Èske gen transpò?

Vizit

Moun k ap gade timoun yo
  • Ki fòmasyon ak antrennman moun k ap okipe timoun yo genyen?
  • Èske moun k ap okipe timoun yo renmen travay y ap fè a?
  • Èske moun k ap okipe timoun yo senpatik, jantiy epi kalm?
  • Kouman moun k ap okipe timoun yo aji ak yo nan pwogram nan?
  • Kouman timoun ki nan pwogram nan santi yo ak moun k ap okipe yo a?
  • Ki kalite disiplin moun k ap okipe timoun yo aplike, epi kilè li aplike l?
  • Kouman moun k ap okipe timoun yo aprann yo pratike lapwòpte?
  • Kouman moun k ap okipe timoun yo fè ak timoun ki gen laperèz poutèt yo separe ak fanmi yo?
  • Kouman moun k ap okipe timoun yo fè ak timoun ki pa gen kè kontan yo?
  • Kouman moun k ap okipe timoun yo fè pou rezoud dezakò nan mitan yo?
  • Kouman moun k ap okipe timoun yo fè lè yon timoun ap kriye osnon lè l fache?
  • Èske pitit ou renmen moun k ap okipe l nan gadri a?
  • Èske gen bagay ou pa renmen nan moun k ap okipe pitit ou a?
Anviwònman an
  • Èske espas la pwòp, byen prepare epi atiran?
  • Èske gen yon kote pou timoun yo dòmi osnon pou yo repoze?
  • Èske priz elektrik yo byen kouvri?
  • Èske genyen yon lakou osnon yon espas ki tou pre pou timoun yo jwe?
  • Èske yo mete tout pwodui pou netwaye lokal la ak tout medikaman yo nan yon plaka ki fèmen ak kle?
  • Èske gen alam pou detekte dife, estenktè ak yon dezyèm pòt pou moun sòti deyò sizoka ta gen ijans?
  • Èske gen jwèt, liv, materyèl boza ak divèstisman pou kategori laj pitit ou?
Pwogram toulejou a
  • Ki pwgram espesyal yo ofri chak jou?
  • Ki tan lib timoun yo jwenn pou yo jwe?
  • Ki kalite aktivite timoun yo fè poukont pa yo? Yo menm sèlman fè ak moun k ap okipe yo a? An gwoup?
  • Èske moun k ap okipe timoun yo konn fè lekti pou yo?
  • Èske moun k ap okipe timoun yo konn kite yo gade televizyon?
  • Konbyen fwa epi pandan konbyen tan timoun yo kapab jwe nan lakou a?
  • Konbyen fwa epi pandan konbyen tan timoun yo kapab fè yon ti dòmi?
  • Ki kalite manje ak repa lejè yo konn bay timoun yo?
  • Konbyen fwa moun k ap okipe timoun yo fè ti sòti edikatif ak yo?
  • Èske se yon pwogram ki gen otorizasyon?

Moun k ap Gade Timoun Yo

Apre oumenm, se moun k ap gade pitit ou a ki kab gen enfliyans ki pi enpòtan sou lavi li.

Se ansanm ak moun sa a pou w asire pitit ou gen kè kontan ak lasante pandan premye ane egzistans li yo.

Ou ta dwe renmen epi respekte moun k ap gade pitit ou a. Fè tèt ou travay!

Yon bon moun k ap gade timoun yo:

  • Renmen epi respekte timoun yo
  • Senpatik, sansib epi atantif
  • Kalm epi jantiy
  • Byen òganize
  • Pran fòmasyon sou devlopman timoun ki fèt anvan lè yo
  • Gen esperyans avèk timoun ki nan laj pitit ou
  • Enterese nan zafè sekirite timoun yo
  • Kominike regilyèman ak paran yo.

Lokal Gadri a

Yon gadri ki nan yon kay moun, nan yon sant osnon nan yon lekòl ta dwe pwòp epi an sekirite. Li ta dwe tou gen konfò epi atiran.

Fè enspeksyon pou w konnen:

Pwòprete:

  • Tout espas gadri a ta dwe netwaye chak jou, espesyalman twalèt yo.
  • Tapi, kousen ak jwèt yo ta dwe netwaye regilyèman.

Sekirite

  • Lokal la ta dwe gen sekirite tout kote timoun yo ap fè alevin
  • Li ta dwe genyen tou mèb ki fèt ak kousen ak bonjan seri pou nan pòt y
  • Yo pa ta dwe kite materyèl yo kote timoun yo kab jwenn yo osnon yo ta dwe byen fèmen nan yon plak
  • Ta dwe genyen detektè lafimen, estenkè ak yon lòt pòt pou sòti deyò sizoka ta gen ijans.

Bonjan espas ak jwèt

  • Ta dwe genyen yon kote pou chak aktivite nan lokal gadri a.
  • Jwèt yo ak materyèl yo ta dwe adapte ak laj timoun yo, epitou yo ta dwe an bon kondisyon.
  • Ta dwe gen kote pou timoun yo chita, pou repoze yo ak espas pou fè depo.

Espas lakou a

  • Lakou a osnon espas pou timoun yo jwe a ta dwe bare avèk bonjan materyo.
  • Ta dwe gen yon kote apa pou timoun ki nan chak kategori laj kapab jwe.
  • Bwat sab yo ta dwe kouvri lè yo pap sèvi ak yo.
  • Si pa ta gen yon lakou, ta dwe gen yon espas tou pre a pou timoun yo kapab jwe.

Rapò

Rapò se kantite maksimòm timoun ki sou reskonsablite chak granmoun anrapò ak kategori laj timoun yo. Men sa American Academy of Pediatris rekòmande sou sa:

Laj Timoun pou:Manm ekip Kantite gwoup maksimòm
ant 0 ak 24 mwa 3:1 6
25-30 mwa 4:1 8
31-35 mwa 5:1 10
3 zan 7:1 14
4 zan 8:1 16
5 kan 8:1 16
ant 6 ak 8 tan 10:1 20
ant 9 ak 12 zan 12:1 24

Pwogram Toulejou a

Pwogram toulejou nan yon kalite gadri ki nan kay yon moun, nan yon sant osnon nan yon lekòl ap ankouraje pitit ou nan fòmasyon entèlektyèl li, nan konpòtman l nan sosyete a, nan devlopman fizik li ak nan reyaksyon emosyonèl li.

Chak jou pitit ou ap patisipe nan anpil aktivite diferan. Moun k ap okipe timoun yo ta dwe mete yon pwogram ann aplikasyon. Men sa pwogram sa a gen ladan l

Anpil Aktivite Diferan

  • Mizik, dans ak teyat
  • Atizana
  • Matematik ak syans
  • Langaj atistik ak lekti
  • Jwe nan lakou
  • Manje ak repa lejè
  • Aktivite ki chanje avèk devlopman timoun nan
  • Evennman espesyal, fè ti fèt pandan jou k pa gen lekòl yo epi òganize ti vwayaj edikatif

Yon Ekilib Ant

  • Lè timoun yo trankil nan yon aktivite ak lè yo an mouvman nan yon aktivite
  • Lè timoun yo nan aktivite apa, aktivite an ti gwoup ak lè yo nan aktivite an gwoup ki gen anpil timoun
  • Aktivite ki prepare ak jwèt libAktivite ki prepare ak jwèt lib

Pran Desizyon

Lè w deside chwazi yon gadri, telefòne san pèdi tan.

Epi rankontre moun k ap gade timoun yo pou w diskite sou:

Pitit ou

Plis moun k ap okipe pitit ou a konprann li, plis l ap ba li yon pi bon swen. Fè moun sa a konnen pèsonalite pitit ou, fason li aprann, aktivite li prefere yo, sa l renmen ak sa l pa renmen, eta sante l ak abitid ki fè timoun nan alèz.

Metòd ki adopte pou ijans

Mande sa moun k ap okipe timoun yo fè lè yon timoun malad osnon blese. Bay enfòmasyon pou yo itilize lè gen yon ijans, avèk nimewo telefòn ou ak nimewo telefòn de (2) manm fanmi ou osnon de (2) bon zanmi ou, non ak nimewo telefòn pedyat ou, epi non konpayi asirans maladi ou ak nimewo polis la.

Règleman Administratif Gadri a

Mande yon kopi règleman administratif gadri a avèk règ ki anrapò ak peman an, jou timoun nan malad li pa kab vini, lè pou w vin chèche epi mennen timoun nan.

Kominikasyon ak Moun k ap Okipe Pitit Ou

Esperyans pitit ou a ap pi bon si oumenm ak moun k ap gade l la planifye pou pale yon fwa pa semenn osnon chak de (2) semenn.

Men sou kèk pwen ou ta dwe diskite:

  • Sa oumenm ak moun k ap gade pitit ou espere youn ak lòt
  • Kouman pitit ou konpòte l nan kay la ak nan gadri a
  • Sa pitit ou di w ak sa l di moun k ap gade l la.

Yon Chanjman san Pwoblèm

Chanjman se yon bagay ki di pou tout moun, men li espesyal pou timoun. Men kèk fason ou kapab ede pitit ou rete nan gadri pou premye fwa, osnon pou l adapte l ak yon nouvo sitiyasyon:

  • Yon semenn anvan pitit ou kòmanse nan gadri, aplike yon bon orè ak li epi fè l abitye pa rete nan kay la.
  • Kòmanse yon semenn anvan premye sesyon an, fè pitit ou abitye rete ak moun k ap gade l la; kite timoun nan nan gadri a pandan kèk vizit kout epi pandan kèk vizit long.
  • Pou w evite estrès nan maten, prepare tout bagay nan aswè.
  • Pandan kèk premye jou osnon kèk premye semenn, pase yon ti tan anplis nan gadri a lè w al mennen pitit ou a, se nan moman sa a l ap gen pwoblèm pou l di orevwa.
  • Toujou di orevwa! Pitit ou toujou bezwen konnen kilè w prale epi kilè w ap retounen.